You are here

Etidyan ke yo aksepte - Pwochen Etap yo

Felisitasyon epi Byenvini nan MassBay!

5 Etap pou Kòmanse Avni W:

1Selebre, Konekte, epi Vizite
Yon fwa ou resevwa lèt akseptans ou a, pataje nouvèl la ak fanmi w ansanm ak zanmi w! Chèche konnen kominote MassBay a nan swiv nou sou Facebook:
www.facebook.com/MassBayCommunityCollege
ak sou Twitter:
@MassBayCommCol.

 

2Satisfè Egzijans Plasman nou yo

          Plasman nan nivo apwopriye Anglè ak Matematik se yon eleman fondamantal nan edikasyon w. Men sa ki dwe fèt pou egzijans plasman nou yo ka satisfè:

  • Yon gpa 2.7 pou lekòl segondè nan yon lekòl segondè Ameriken akredite pandan 3 dènye ane yo (10 pou Anglè sèlman)
  • Kou nivo kolèj nan Anglè ak Matematik te deja konplete (nan yon kolèj Ameriken akredite oswa avèk yon mwayèn 3 oswa pi wo nan yon AP, 50 oswa pi wo nan yon CLEP, oswa 4 oswa pi wo nan yon egzamen IB Wo Nivo)
  • Finisman yon diplòm Asosye (pou evalyasyon nan lekti) oswa Lisans  (lekti ak ekriti)
  • Mwayèn Kalifikasyon SAT oswa ACT pandan 5 dènye ane yo
  • Mwayèn Kalifikasyon GED oswa HiSET pandan 3 dènye ane yo (pou evalyasyon matematik)
  • Pran Tès Plasman Accuplacer a ke nou aktyèlman ofri sou entènèt la. Enskri sou entènèt la nan www.massbay.edu/placementtesting oswa rele 781-239-2620 pou ka mete randevou pou pran Tès Plasman w lan. MassBay ofri atelye pou preparasyon tès GRATIS, epi tès pratik gratis disponib tou sou entènèt la.

Voye fotokopi relve nòt lekòl segondè w yo, kolèj oswa HiSET/GED oswa mwayèn SAT/ACT bay biwo Admisyon yo nan admissions@massbay.edu pou wè si ou kalifye. Tanpri note ke si ou pran tès plasman an, ou pral bezwen montre yon kat Idantite ki gen foto w sou li nan randevou w la.

Tanpri note ke nou te fè tès plasman an tounen yon pwosesis ki fèt sou entènèt la pou moman an.

3 Aplike pou Èd Finansye
Ranpli Aplikasyon Gratis pou Èd Federal pou Etidyan (FAFSA) pou ane lekòl wap planifye pou enskri nan MassBay a. Yo itilize FAFSA a pou detèmine elijiblite w pou resevwa èd finansye federal ak eta a. FAFSA a twouve l sou Entènèt la nan www.fafsa.gov. Asire w ke w ajoute nimewo kòd federal lekòl MassBay Community College la kise: 002171. Si ou gen kesyon konsènan èd finansye, ou ka rele biwo a nan 781-239-2600 oswa voye yon imèl bay finaid@massbay.edu.

Tanpri note ke nou pa pral ofri sèvis pou èd finansye sou kanpis la ankò men n ap ofri yo adistans pou moman an.

4 Enskri pou Oryantasyon ak Enskripsyon
MassBay ofri anpil sesyon Oryantasyon ak Enskripsyon pou tout nouvo etidyan yo. Sesyon sa yo rele SOAR (Oryantasyon pou Elèv, Konsèy, ak Enskripsyon). Sesyon SOAR sou-kanpis la oswa sou entènèt la (on-campus or online SOAR session) la se kote ou pral gen pou fè konesans epi travay ak pwofesè ansanm ak anplwaye nou yo, pou ka vin adapte w ak kolèj la, pou rankontre avèk yon konseye akademik, epi enskri pou kou kolèj ou yo. Ou pral kite sesyon SOAR sou-kanpis ou a avèk orè kou kolèj ou a nan men w. 
Gen anpil sesyon pou chwazi ladan yo, men ou dwe konplete Tès Plasman w la avan wal patisipe nan yon sesyon SOAR. (Gade etap nimewo 2 a sou fason pou enskri pou Tès Plasman w lan.) Pou enskri pou yon sesyon Oryantasyon ak Enskripsyon obligatwa, tanpri vizite paj entènèt Enskripsyon ak Oryantasyon pou Etidyan MassBay yo (the MassBay Student Orientation And Registration web page) oswa rele 781-239-2721. Tanpri note ke ou pral bezwen montre yon pyès IDANTITE ki gen foto w sou li pandan randevou w la.
Tanpri note ke etidyan Mekanik oto ak anpil etidyan Syans Sante gen sesyon oryantasyon espesyal pou yo.  Tanpri gade nan lèt akseptans ou a oswa kontakte admissions@massbay.edu pou plis detay.

5

Regle Bagay ki Enpòtan

  • Peman an dwe fèt lè w ap enskri pou kou yo. Peman an kapab fèt sou entènèt la pa mwayen kont etidyan w lan oswa ou kapab kreye yon plan peman.
  • Pran swen asirans maladi w la. Si ou enskri pou 9 oswa plis kredi, yo pral faktire w pou asirans maladi nan MassBay. Yo ka anile frè sa a si ou kouvri anba yon lòt asirans maladi.
  • Jwenn tout òdinatè MassBay ou yo ansanm ak zouti entènèt yo nan Titoryèl sou Teknoloji pou Etidyan.
  • Toujou tcheke imèl MassBay w la pou mizajou.
  • Achte manyèl pou kou w yo.
  • Si ou nan pwogram Biwoteknoloji, Otomobil oswa Syans Sante, aplike pou lesepase estasyonman etidyan w lan oswa konsidere opsyon transpò an komen an ki aladispozisyon w. Pagen okenn lòt pwogram ki pral ekzije pou ale sou kanpis la.

 

Etidyan pou sezon Otòn 2020 ansnam ak Prenten 2021 yo

Resous pou Etid Adomisil pandan kanpis lan fèmen akoz COVID-19 la

Teknoloji Kolèj Kominotè MassBay a te chanje pandan dènye mwa sa yo. Gen kèk chanjman ki founi nouvo sèvis ansanm ak plis sekirite, gen lòt ki founi zouti ansanm resous pou kou k ap fèt sou entènèt la ansanm adistans, epi pou reyinyon vityèl pou òganizasyon lekòl yo.  Tanpri li sa ki anba a epi konsilte fakilte kou a oswa sèvis asistans Biwo Enfòmasyon Teknolojik la pou nenpòt difikilte oswa kesyon. Ou ka kontakte sèvis asistans lan pa imèl: helpdesk@massbay.edu